#Byenneme

December 24, 2019

foto: The Chapel of the Cross, instagram

Moun renmen w’. Twa mo senp. Men yo se mo ki ka transfòme ... tout bagay! Nouvo Testaman an declare ke "lanmou soti nan Bondye, paske Bondye se lanmou." Lanmou saa, se tout san lavi ki koule pou tout fanmi sou planet la, malerezman ki toujou aji nan yon fason ki montre yo pa rekonèt lanmou saa. Twò souvan, nou tounen ti poul anba grif malfini telman nou pè e telman kè nou tounen vè sa ki mal, paske nou kite egoyis- ki se kontrè renmen- ranpli tout venn nou e touye nanm nou. Poutan, mond lan ka transfòme. Men, nan demand pou mond lan chanje, yon bagay ke nou dwe toujou sonje se ke se Bondye ki kontwole rekonsilyasyon, se pa nou menm moun.

Copyright © 2020- · Forward Movement
chevron-down