#Sanzatann

December 1, 2019

foto: Pearl River Glass Studios

"Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè." Tan Lavan an raple nou ke responsabilite pou nou rann kont de sa nou fè (se sa retou Jezi a represante) ap vini nan yon le ke nou pat atann. Li ka vini tankou yon gwo fenomèn natirèl oswa li ta ka jis yon pasaj soti nan lavi saa ale nan lòt lavi tou nèf la. Nenpòt fason sa fèt, ide a se senp: Lavi kout e li koute chè. Tan nou genyen, se yon kado, èske nou itilize kado sa a byen? Nou ta dwe konsidere chak segond tankou yon opòtinite pou nou grandi, padonnen moun, sipòte yon moun ki nan bezwen, epi  renmen.

Copyright © 2020- · Forward Movement
chevron-down