#Dimanch

November 29, 2020

Kè ansib se petèt pa mo nou ta dwe asosye ak pasaj ki soti nan Mak chapit 13 nou li nan Premye Dimanch tan Lavan an. Non, paske nan levanjil saa nou jwenn ansèyman sou gwo bagay ki gen pou rive ke Jezi ap anseye nou: li pale avek anpil konviksyon sou solèy la ki gen pou vin tou nwa, ak zetwal kap tonbe soti nan syèl la, epi konènan Pitit nonm lan kap vini ak gwo pouvwa nan tout bèl laglwa li.

Mo "kè sansib la" parèt nan pasaj sa a, men se nan yon kontèks kote nap eseye konprann siy tan yo: "Le branch pye fig frans lan komanse vin pi sansib epi li kòmanse ap pouse fèy, ou mèt konnen ke sezon tan cho a tou pre." Jezi pap pale sou branch yo ki vin pi sansib oswa ki gen bon kè menm jan nou konn panse lè nou tande mo "kè sansib." Li ap pale pou nou cheche konprann siy yo lè ou wè ke branch yo vin pi mou, lè yo pi fasil pou nou manyen. San dout, Jezi wè epi konprann siy tan yo; li konnen ke li pral antre nan yon "tan eprèv" jan Mak di a, oubyen "tan fènwa" jan Lik di l la. Nan yon ti bat je, moma trayizon an ap vini, moman refi, abandon, jijman, kout baton, ak la kwa. Jezi sa a, kap vini yon jou avèk anpil pouvwa nan tout bèl laglwa li, se li menm tou ki soufri, kriye epi ki mande zanmi li yo pou yo rete je klè avèk li nan moman eprèv li y oak nan moman fènwa li yo. 

Men, ankò plis, menm Jezi sa a ki bay yon ti avan gou nan pouvwa ak majeste li genyen lè li chavire tab moun ki tap prete moun lajan yo e bouye lespri yo pandan yo tap cheche pran l nan pyèj, se menm Jezi saa ki papab koprann doulè nou yo ak bezwen nou yo lè nou lonje vin jwenn li. E li ap reponn nou ak anpil tandrès. 

Gen yon nonm kit e gen malady lalèp nan kòmansman Levanjil Mak la ki priye Jezi pou l geri l - “si Jezi vle” —Jezi pat reponn pou l’ te montre kouman li gen pwisans oswa  geri l nan yon bat je, men te di li pito: “Mwen vle fe sa" Jezi manyen nonm lan anvan menm li te geri li. Jezi te wè tandrès nan doulè nonm ki tap soufri a e li te reponn ak tandrès epi renmen nan kè l’.

Pou ti timoun yo ak paran yo ki fin dekouraje yo ki vin chèche benediksyon nan men Jezi, yo te rankontre ak disip yo ki te repouse yo tankou si yo pat diy pou resevwa atansyon Jezi. Jezi reponn avèk tandrès e anpil atansyon, e li te endiye pou l we moun ki te rele tèt yo disip li yo pat ka wè siy bezwen sa yo ke nou tout santi.

Lè nou santi nou fèb ak akable, se pou nou mete espwa nou sou verite sakre saa ke Jezi sa a ki gen pou vini ak gwo pouvwa nan tout bèl laglwa li se menm Jezi saa kap mache kòt a kòt avek nou jodi a, avek tandrès nan kè l’ pou nou epi onksyon pou l soulaje kè nou kap soufri. Annou repete pawòl ansyen chan espirityèl saa ki di: “Lè kè m ap fe m mal jis nan zo, Granmèt, mwen bezwen Jezi pou mache avèk mwen.”

Copyright © 2020- · Forward Movement
chevron-down