#Klewonnen

December 24, 2020

"Nanm mwen ap fè konnen grandè Granmèt la."

Mayifikat la soti nan bouch Mari ki te jèn anpil lè sa a epi Mayifikat anbrase tou ministè Jezi a. Se nanm Mari ki ap fè konnen grandè Granmèt la. Nanm nou se sa ki defini idantite nou; li se yon pati nan nou ki toujou la; se ak nanm nou nou konekte ak letènite. Li zantray Mari menm ki ap fè konnen "Grandè Granmèt la." Grandè Granmèt la se aksyon Bondye yo ki manifeste yon volonte nan yon jèn ti fi e ba li opòtinite pou li vin dwe yon poto mitan nan plan sali a, ki pral refè mond ak materyo lajistis, lanmou, ak pitye. Mesaj nou dwe ale simaye an, se gro reyalite saa ke Bondye ki te fè tout bagay la ap pran swen mond lan e ki jan mond lan òganize l epi Bondye saa ap chèche fè pati nan jan kreyasyon an òganize l pou l ka fè travay transfòmasyon an.

Nou pran yon poz jodi a pandan nou ap rapwoche nou de pwomès vini Kris la nan bèso a pou nou ka admire koneksyon ki genyen ant sa nou ye tout bon vre – ki vle di nanm nou - e reyalite  kreyatè a ki entèrese nan chak grenn nan nou. Linivè sa a tèlman anpil; kèkwa li mete an defi kwayans ke Bondye ki sous tout bagay la gen enèji ak kapasite pou li ta dwe enterese nan lavi nou chak. Li menm plis vizib ke premye volonte Bondye, jan Magnificat la fè nou konnen l lan, se moun ke yo mete sou kote nan lavi a, moun kap konbat ak anpil difikilte, opresyon, grangou, ak moun pòv yo.

Travay proklamasyon an mande nou pou nou mache pataje bòn nouvèl sa a. Nou pa yon pakèt atòm ke nou pa ka konpran ki pa soti okenn kote epi ki pa prale okenn kote. Olye de sa, vrè moun nou ye a la pou toutan; olye de sa, nou envite pou nou pran kontak serye ak sous lavi a; Olye de sa, se pou cheche konprann vokasyon nou kap baze sou obligasyon nou genyen pou n bati yon mond ki pi jis; epi nou rekonèt ke tout moun gen enpòtans paske Bondye renmen nou tout.

Sezon Lavan sa a se yon bon moman pou pran yon poz epi koute pwoklamasyon Mari a. Èske kèk fwa nou panse nou pa vo anyen? Koute sa Mari ap di nou ke Bondye enterese anpil nan nou. Èske nou mande ki sa nou ta dwe fè ak lavi nou? Koute pawòl Mari yo pandan li ap esplike nou kisa Bondye vle fè ak mond nou an.

Apre sa, nou bezwen pare pou nou anonse bon nouvèl sa a bay lòt moun. Byenke Nwèl la ka yon moman kè kontan, gen anpil moun ki manke yon moun ke yo renmen anpil, gen anpil moun kap bat dlo pou fè bè, gen anpil moun ki pè konsènan sa demen ap pote. Envitasyon Mari fè nou an se wè tèt nou kòm yon moun ki konekte ak Bondye - yon Bondye ki ap chèche sèvi ak nou pou kreye yon avni ki diferan e ki plen ak espwa.

Copyright © 2020- · Forward Movement
chevron-down